Top Search

LyricsCopy.com

Brase lari a

by Roody Roodboy

lyricscopy.com
Bigo Prodution ft Roody Roodboy & Top Adlerman

Tout vil la Whatcha ( ye,ye,ye) (roodboy ohhhhouuohhhh)
Top Adlerman ( Bigo Production´s) (n´ap refel anko )

Sa medam sa yo ap fe la ( brase y´ap brase )
E blode sa yo ki poste la ( brase y´ap brase )
E timoun sa yo (brase y´ap brase )
Atis peyi a ( men ap pale avek yo )

Fok ou brase lari a, brase lavi a
Mache chache pa domi san soupe
Brase lari,brase lavi a
Ohhh ou ohhhhh
Chofe kamyonet yo ( brase y´ap brase )
Tout chofe moto yo (brase y´ap brase )
Machann babekyou yo (brase y´ap brase )
E tout machann fresko yo ( brase y´ap brase )

• M leve´m pran bros m pran dlo´m benyen
M Pase kay granma pran yon kafe a pen
Li mande´m 100gdes m dil pa genyen
Li joure sanwont, li joure´m sangwen¨
M santim blaze m oblije al brase
Paske koul fe midi vant mwen pral danse
M pa kan an ranse, m´oblije ap panse
Paske´m… gen ti fre pou mwen bay manje
Se vreee mwen plede depoze cv, yo pa janm relem
Kounya´m nan koupe cheve (ti blode )
M domi ta, e mwen leve bone, m nan mize … mize … mize

Fok ou brase lari a, brase lavi a
Mache chache pa domi san soupe
Brase lari a,brase lavi a
Ohhhh ou ohhhh
Ti mesye lari yo ( brase y´ap brase)
K´ap siye machin yo ( brase y´ap brase )
Ti medam lari yo ( brase y´ap brase )
K´ap ban nou aleken yo ( brase y´ap brase )

• Respe respe pou tout neg channmas yo
Anpil love pou ti machann malpas yo
Neg ki gen rezistans k´ap viv nan lamas yo
Neg ki met may, ki met brenn pou fe bras yo



Fok ou brase lari a, brase lavi a
Mache chache pa domi san soupe
Brase lari a,brase lavi a
Ohhhh ou ohhhh
Profese lekol yo ( brase y´ap brase )
K´ap anseye timoun yo ( brase y´ap brase )
Dokte lopital yo ( brase y´ap brase )
Ki ap okipe malad yo ( brase y´ap brase)

• Whatcha kraze´m
Hey youuuuuuu
Vire tet ou a goch vire tet ou a dwat (ou pa we bras la )
Bras la komanse nan syel batay Bondye ak lasife a
Kounya´l vin sou late, batay lezom avek lavi a (ouuu)
Siw pa bras mezi ou pa gon pyas
Siw bezwen on kas plezi fow bwe yon nas
Siw nan biro a… pase deklasem a bye a
Siw nan getho a,fow konn brase vi getho a
Ou kochew, pouw jerew
Siw pa klere jew lot koukouj ap doublew
Epi le gon kous, fow leve pyew
Siw pa leve pyew lot koure yo ap double´w
Whatcha bwase


Fok ou brase lari a, brase lavi a
Mache chache pa domi san soupe
Brase lari a,brase lavi a
Ohhhh ou ohhhh
Chofe kamyonet yo ( brase y´ap brase )
Tout chofe moto yo (brase y´ap brase )
Machann babekyou yo (brase y´ap brase )
E tout machann fresko yo ( brase y´ap brase )
Browse Artists :

# A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z

Karaoke : Backing tracks & videos - Karaoké files

Karaoke Fun !